Edpoete
Corporal


 Birthday: September 17
Orientation: Hetero

Posts: 36
Net Worth: K$340
Location: Pierrefonds
Usergroups: None
|
| :: Subject: LETA |
  |
LETA
Yon Leta ki pa chita sou pyès model
Pa ka konnen lè li sou latè ni lè li na syèl
Li pa konnen kote li soti ni kote li ye ni prale
Li tankou pay nan van sou roulib aza pou tonbe nenpòt kote
Chwazi yon modèl merite yon bon desizyon eklere
Gen modèl ki mennen nan dan lanmò tèt kale san pitye
Anachi, diktati, fachis, teyakrasi, monachi absoli
Tout se destinasyon tètsankò tonbo kadav lanmò zombi
Tout chita nan lòd yerachik ki fòme yon sipremasi
Ki fonde sou inegalite, siperyorite, dominasyon lòt vi
Dominasyon mennen nan opresyon ki kondui nan represyon
Konsa tout moun ki anba dominasyon pa gen ni Sali ni padon
Yon modèl eklere depi debi lamodènite se Demokrasi
Li chita sou vwa majorite pèp ki se «Vox populi vox dei»
Ki vle di vwa pèp se vwa Bondye, ki kouronnen souverennte popilè
Gen demokrasi direk, reprezantatif, patisipatif, delegation, diferan fòm aspè
Demokrasi kapab yon rejim presidentsyèl si gen dominans pouvwa egzekitif
Demokrasi kapab yon rejim palmantè si gen dominans pouvwa lejislatif
Men tout demokrasi toujou gen twa pouvwa, lejislatif, egzekitif, jidisyè
Yonn fè lwa, lòt egzekite lwa, lòt la menm aplike lwa kòm sa dwa an tout respè
Pouvwa popilè chita sou vwa majorite nonm nan moman vòt eleksyon
Pou chwazi yon prezidan osinon yon chef pou dirije yon nasyon
Si pa gen vòt pa gen eleksyon, pa gen nonplis ni majorite ni demokrasi
Si se pa pèp ki chwazi chèf li nan vwa majorite pa sa pa rele demokrasi
Konsa pou gen Demokrasi, fò genyen de gwo kondisyon «Fòkseli»
Pou chwazi fè genyen de pati osinon plisyè pati politik andedan yon peyi
Fè genyen chanjman nan nivo levye twa pouvwa yo pou li sa demokratik
Konsa oblije gen yon manda ki limite pouvwa yon chèf pou dire tan espesifik
Menm jan nan lòd natirel la genyen pozitif ak negatif, lwa lanati
Nan lavi tout genyen mal ak femel, gason ak fanm, ki se lwa lavi
Nan fondman panse lòm genyen tèz ak antitèz ki se lwa lespri
Nan politik tou genyen chef sou pouvwa eli ak opozisyon, lwa demokrasi
Konsa tout chef ki sou pouvwa oblije fonksyone nan transparans
Si pa genyen kominikasyon enfòmasyon, opozisyon pa tap gen rezon egzistans
Fòt aksè enfòmasyon, lopozisyon tap oblije viv nan rèv fiksyon chimè
Diskou opozisyon tap dekonekte ak reyalite, ki ta va yon vanite kip a nesesè
Tout pouvwa relije san retire ni mete
Menmsi li pa ta nuizib oblije pazif, nesesite ou fatalite
Yon pwofèt nan yon konba kont satan pou Bondye diven
Pwofèt la rive kraze satan fòs mal san reyalize konstui anyen
Poukisa? Fatalite osinon nesesite? Sou sa genyen yon rezon!
Pwofèt kraze satan, se vre. Men li kwè nan rèy Bondye ki se tout pèfeksyon
Si rèy Bondye se pèfeksyon, pa gen anyen ni pou retire ni pou ajoute
Sèlman se fè volonte Papa Bondye jan lalwa diven mande
Lè yo kritike prezidan Aristid ke li pa reyalize anyen konkrè
Sinon ke kraze rès fòs makout, chef seksyon ak lame, tout fòs lanfè
Okontrè si Aristid te rive konstui yon bagay se ta gwo sipriz etonan mistè
Yon moun ki kwè nan pèfeksyon, pa gen anyen pou fè, se joui nan leseyè
Tout moun ki te vote Pè Prezidan Aristid te vote pou yon pwofèt
Ròl yon profèt se bay profesi, Aristid bay profesi «pè nan vant pè nan tèt»
Bònnouvèl plis pase yon montay, reyalizasyon mouvman nil zerobare
Se pa Aristid ki move, se moun kit e vote Aristid ki fè erè! Se lè pou reveye!
Tout moun ki kwè nan pèfeksyon, tout bagay déjà byen fèt byen etabli
Pa ka genyen rèv ni fè aksyon, anyen pou ajoute ni retranche, pa gen avni
Patizan edonis epiryen ki kwè nan plezi ak kwayans nan pèfeksyon, menm bagay
Sòf ke yonn aktif, lòt la aktif, men ideyal yo rete menm, jouisans, jouisè pa gen chay
Genyen anpil moun ki kritike Prezidan Aristid yo di li se gwo dictatè
Ò legliz katolik ki se yon yerachi vètikal, sipremasi lòd dominate
Si Prezidan Aristid ki se prèt soti legliz pa ta diktatè ni dominatè
Bagay sa ta va etone mwen anpil ke mwen ta asistè lekontrè
Ayisyen kwè nan diskou pwomès montay mèvèy kap touche lesyèl
Osinon diskou pwomès kap retire li demen nan mizè ale bwè siromyèl
Diskou politik vant bòtab la, osinon metafizik pè nan vant pè nan tèt
Se la li tronpe, diskou pou flate emosyon se pa kapasite pou rezoud pwoblèm pèp
An Ayiti yon lidè reyalis konsekan ki gen diskou fè pwomès ki akòde ak reyalite
Pa gen vwa chapit ni pouvwa politik pou aksede sou pouvwa pou gouvène
Sa vle di se bèl diskou chimè zonbi ki gen rezon sou rezon reyalite ak konpetans
Sa bay yon pèp pèdi an jekwananvid, ki lage de gidon tout boulin nan machin militans
Militans bay fòs pou rive sou pouvwa, chanje plas san chanje klas
Konpetans se sèl mwayen pouvwa pou chanje la vi, lavi miyò lamas
Toutan nou poko reyalize ke konpetans se chemen lavi, yon nesesite
Soti jodi pou rive demen noua p toujou viv sou zèl aza chans fatalite
11 octobre 2009
Edner Saint Amour |
|
|